top of page
1-logo%2525203juillet%252520maillot%252520(3)_edited_edited_edited.png

Se Nan Tè Tout Fòs Nou Chita! 

Plis ke yon charite: 10 fason ou ka DefannEnterèGoud-la: 10 ways you can DefannEnterèGoud-la.)

1) Depatman Lwès-la: Distri Akayè. Plèn nan Akayè limite pa Mòn Matheux yo ak Gòlf la Gonav, pwodwi manje de divès kalite e li gen gwo plantasyon bannann. - (Department West: District Akayè. The Plains of Akayè is limited by the mountains of Matheux and the Gulf of la Gonâve, produces a variety of food-products and has large plantain plantations).

2) Depatman Nò-a: Distri Kap-Ayisyen. Nan mòn yo nan depatman Nò-a pwodiksyon prensipal yo se: kafe ak fwi (zoranj, mango). - (Department North: District of Kap-Ayisyen. In the mountains of the Northern Department, the main productions are: coffee and fruits (oranges, mangoes).


3) Depatman Nòdès-la: Distri Wanament. Nan rejyon Wanament yo kiltive pistach ak tabak. - (Department NorthEast: District of Wanament. In the region of Wanament peanuts and tobacco are cultivated).


4) Depatman Nòdwès: Minisipalite La Tòti. Lil la Tòti fin paralèl ak bò lanmè-a nan direksyon PòdePè kote li separe pa kanal la Tòti. Li se 37 km long ak 7 km lajè. Tè li a trè fètil epi li pwodwi tou manje tout kalite. -  (Department Northwest: Municipality of La Tortue. The island of La Tortue is parallel to the coast in the direction of PòdePè where it is separated by the Channel of La Tortue. It is 37 km long and 7 km wide. Its soils are very fertile and it also produces all kinds of primary agricultural products).


5) Depatman Latibonit: Distri Gonayiv. Nan fon Latibonit pwodwi bannann, tomat, mayi, pòmdetè, elatriye... nan plèn Lestè yo kiltive diri, plèn Latibonit rich ak divès kalite de komodite: Li gen jaden diri vas, ak gwo plantasyon koton. Arebò lanmè-a moun angaje yo ak lapèch ak eksplwatasyon nan tou sèl, sitou nan Gonayiv ak Grand-Salin.

- (Department of Latibonit: District of Gonayiv. The Valley of Latibonit produces bananas, tomatoes, maize, potatoes, etc. ... In the plains of Lestè rice is cultivated, the plains of Latibonit are rich with various commodities: It has vast rice fields, and large cotton plantations. By the sea-side, fishermen are engaged with fishing and exploitation of salt-mines, mainly in Gonayiv and Grand-Salin).


6) Depatman Sant: Distri Hinche. Nan Plato Santral yo leve bèt ak kiltive koton. - (Department of Sant: District of Hinche. In Plato Santral they herd animals and cultivate cotton).


7) Depatman Sidès: kominn la-Vale. Nan rejyon la vale yo kiltive pòmdetè ak legim: nan rejyon Tyòt yo kiltive kafe.

- (Department Sidès: Commune of la-Vale. In the region of la-Vale potatoes and vegetables are cultivated: in the region of Tyòt coffee is cultivated).


8) Depatman Sid: Distri o'Kay. Plèn o'Kay te konn pwodwi kann. Kounye se plis Diri, pwa, vetivè, tabak, bannann ak lòt pwodwi alimantè. Yo pratike elvaj avèk lapèch. -(Department Sid: District of o'Kay. The Plains of o'Kay used to produce sugarcane. Currently it produces more rice, beans, vetivè, tobacco, bananas and other primary agricultural products. They practice herding and fishing).


9) Depatman GrandAns: Distri Ans-dèno. vale nan GrandAnse pwodwi kawotchou nan Marfranc, kakawo nan Ans-Dèno ak vas plantasyon fig nan DamMari. - (Department of Grand-Anse District of Ans-Dèno. The valley of Grand-Anse produces rubber in Marfranc, cocoa in Ans-Dèno, and vast banana plantations in DamMari).


10) Depatman Nip: komin Baradè: Mòn yo nan Depatman Nip pwodwi anpil kafe. (kafe Plymouth). - (Department of Nip: Commune of Baradè: The Mountains in the Department of Nip produce lots of coffee, (Coffee Plymouth).

Kapasite e Lokalite Pwodiksyon

Picture%20(LMA)_edited.jpg

Pwodwi agrikòl se kle devlopman tout sosyete. Kòm nou deja konnen depatman Latibonit se yon zòn esansyèl ki pwodwi anpil, Lanbi-Mawon Ayisyen pral kolabore ak plantè yo pou pèmèt yo vinn pi efikas nan kapasite de pwodiksyon yo.

Konbit Kominal e Ankadreman Rezonab pou yon Devlopman ki Dirab

Picture%20(%40LMA)_edited.jpg

Objektif pwòjè-a se soutyen potansyèl nou deja idantifye, pou rasire yon veritab evolisyon agrikòl dirab nan diferan lokalite nan vil Gonayiv. Peyizan ki gen potansyèl yo kapab jwenn ankadreman jiskaske yo atenn yon kapasite de pwodiksyon ki konplè, pou kont yo oubyen nan travay an konbit. Menm jan dezyèm kouplè im-Nasyonal nou-an dil, “Se Nan Tè Tout Fòs Nou Chita”, Lanbi-Mawon Ayisyen vle ankourajew fè pati de revolisyon-agrikòl nan peyi lakay nou. Se devwa nou pou nou demontre bòn volonte, prensip e disiplinn, si nou vle abouti ak yon vrè evolisyon sosyo-kiltirèl an Ayiti.

Subscribe Form

Thanks for submitting!

©2018 by LANBI-MAWON AYISYEN. Proudly created with Wix.com

bottom of page